Wednesday, March 5, 2014

Mwen konstate depi kèk lanne, depi 3èm jou a fini nan Kanaval, tout djaz ak fanatik yo deklare yo se "Chanpyon". 

Se menm bagay ane sa a nan kanaval Gonayiv la san pyès moun pat detèmine alavans ki kritè (mizikal, lojistik, disiplin, animasyon, sonorizasyon elatriye) pou yon djaz te respekte pou w chanpyon.

Chak fanatik djaz poste foto kote devan cha yo te plen moun. Kidonk, si m byen konprann, depi nan yon moman nan pakou a, devan cha a ranpli tankou mouch nan siwo myèl, menm si se moun ki t ap pase, ou fè kèk ladan yo leve men anlè, ou chanpyon. 

Sou yon pakou ki plis pase 2km, anpil djaz chanpyon sou 100m. Ala de salmanaza.

Anplis, gen yon kesyon pou n ta poze. Nan yon kanaval kote se Leta ki òganize l sòti nan tèt rive nan fant zòtèy, èske fòk tout djaz pa ta gen menm avantay lojistik pou pa gen fòs kote nan kesyon bay tit chanpyon?

Dapre sa m konprann, gen cha ki gen 2-3 ti espikè po kale k ap wonwonnen ak kèk chantè ki blije ap ranni pase chwal nan savann dezole alòske gen lòt ki chaje kou legba ak enstriman tou nèf. Son yo 17 wotè.

Mwen di sa paske m ap suiv kòmantè anpil animatè ak animatèz sou NFeed la, atansyon yo plis fikse sou "sonorizasyon" pou di entèl pi bon pase entèl. Anplis, ta sanble tou, kantite moun k ap banbile devan cha yon djaz ta yon kritè fondamatal -dapre sa m konprann- pou di tèl djaz chanpyon.

M ap konseye tout animatè, animatèz ak jounalis mizik pou yo pridan anpil nan bay tit chanpyon sa a paske yo ka pèdi krediblite yo. Pa kite emosyon, enterè pèsonèl ak fanatik galope sou pwofesyonalis nou. M sispèk gen moun ki vle pran direksyon sa a. Pa avili metye a plis pase jan l avili deja.

Anvan nou antre nan bay tit - menm si m remake anpil moun dakò se Anbyans ki pote lamayòl - li ta enpòtan pou n fè yon lis kritè epi gade nan yo chak ki djaz ki te devan. Fè l pou tout djaz menm djaz ranyon pisannit ki pat vin regle anyen sou pakou a. 

Sonje pakou a pat sou 100m ak 200m. Kidonk, distans sou estann kote w te kanpe a kapab mwens pase 30m. L ap difisil nan sans sa a, si w pat desann epi suiv tout cha, pou di tèl djaz chanpyon nan animasyon menm jan m wè anpil moun k ap gade nan TV ap klenwonnen. Yon djaz gen dwa anvayi devan yon estann oswa yon TV epi desann kanson l devan yon lòt. 

Nan kesyon sonorizasyon, mwen ri anpil. Dosye sa a, m ta swete se moun ki plizoumwen konnen l pou n ta kite pale de li. Fè bri a 140 oswa 150 desibèl pa vle di "son an bon". Nou dwe asire nou tout "frequence sonore" yo te respekte epi nou te tande yo aklè san fè jefò. Domèn sa yon jan teknik. Pa pote boure. 

Bon, m ap tann rezilta paske pral gen joure manman wi! Kanaval la panko fini. 

djecee.
Suiv mwen sou Instagram ak Twiter: @djecee

No comments:

Post a Comment